M P ap Rap

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Rap mwen se mizè on majorite
K nan pwofi yon minorite
Rap mwen kenbe lespri l lib menm si l minote
Rap mwen se Geriya sou fey blanch
Fuck Nasyonzini Unies se pa Minista k ap ban m lapè m menm 4 fèy planch
Rap mwen fuck game nan lap batay pou l klasik
Ki fè m te tounen pran gramè lè wack t ap pran Grammy
Rap mwen fuck sistèm nan tan l pran siksè an lap pran Sida
M rayi hit depi lè Krèk Koko vin diva
Rap mwen p ap monte li grandi nan on panye krab
Nèg gen poul livre l menm jan Conzé te bay Peralte
Rap mwen touche kè
Rap mwen ap mouri pòv nèg paske l soti kote santi bon pa koute chè
Rap mwen vrè
Fuck teknik, twòp deriv
Rap pa m pa chanje paj, rap mwen chanje liv
Rap mwen s on kriminèl l asasinen rèv manman m
Men l fyè kochon pa t manje santiman l nan nèg bannann

Se vwa yon reskape bagdad
Nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab
Jenerasyon envensib, mizik se zam pa m
Jou m depoze mikwo m nigga m ap bay bal
M p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap

Rap mwen s on getoyout ak on Toris
Kou Lamothe li fuck Steph Balmyr
Kote m soti a pa atire touris
Rap mwen f on sèl ak kwabosal
On bèl plim pou ekri vi lèd rap mwen trè paradoksal
Rap mwen pèdi tout diyite l sou grandi
Fristrasyon gonfle anndan l li eksploze pou dan ri
Pa pran l pou sen
Rap mwen s on SDF
Jou m pale de kay pa m y ap ansasinen m kou Ghyto Toussaint
Rap mwen se reyalite chak katye
Popilè di APEID sekèl yo rete kou efè medikaman 4C
Rap mwen vyolan paske l grandi nan èn
Rap mwen ap viv an gè li pral mouri an pè
Rap mwen s on teworis on kamikaz nan mitan bonm
On gèrye ak on plim m g on kalach nan mitan non m
Ak sistèm sa rap mwen koupe pon
Powèt Revòlte nigga jou w pa koute rap pa m w ap koute plon

Se vwa yon reskape bagdad
Nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab
Jenerasyon envensib, mizik se zam pa m
Jou m depoze mikwo m nigga m ap bay bal
M p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap

Rap mwen s on bann aderan
K ap batay pou yon vi miyò di yo ba nou bon lekòl si tout fwa w pa vle n gang
Rap mwen devwale krim
Demokrasi ap maske
Dread, Etidyan, Rapè M s on defo fabrik
Rap mwen p ap pete kare si tout fwa bouda l won
Se fanm k ap batay pou dwa yo negès mawon
Rap mwen se mache an fè
Se Mache taba
Chak lè w boule yo ou boule avni 6 timoun san papa
Rap mwen se inosan penitansye
Vòlè on pen se kriminèl men vòlè tout on peyi se prezidan l ye
Rap mwen gen konviksyon BPrad
Rap mwen Revòlte se Ed se JaM Kenfs
B art
Rap mwen pa popilè men l pran pwezisyon
On Simidò banm memwa m montre m chimen revolisyon
Rap mwen s on bann ewo anonim de Zawon a Flore Sadrack
Se ventyèm moun nan foul la k ap kriye Dezòm kaka

Se vwa yon reskape bagdad
Nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab
Jenerasyon envensib, mizik se zam pa m
Jou m depoze mikwo m nigga m ap bay bal
M p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap
M ap batay m p ap rap

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital