Compositor: Não Disponível
Yeah yon ti nèg ki sot Castro ki prefere w kraze CD l
Pase l sede
Kiyès sa
D-Fi Powèt Revòlte
Kiyès sa
D-Fi Powèt Revòlte
M p ap janm rapè ala mòd ou a on Nèg k ap bounce sou beat
K ap pale de swag ak Bitch on Nèg k ap bouske hit
Rap mwen pa gen put your hands up e La Pa dirty south
M plis powèt ke Thug m pa gen son k pral burn this club
M pa ni yon pwojè marketing k ap pran mizè pou fon d commerce
Antisistèm depi vi nèg m ap fè on song protest
M pa yon pwofèt ankò mwens nan peyi m
Nòmal pou pozisyon m pran met siksè m an peril
Rap mwen twò vrè anfèt se sa k fè y ap kondane l
Malgre yo tan blame l men l p ap chanje menm apre tant d'années
Sou do m m ap pot yon kwa paske m pa vle suiv on kouran
Men l tou nan natirèl ou mèt chase l l ap tounen an kouran
An vrè kiyès ki entèrese ak ide m ap pwone
K ap met men nan revolisyon m vle kouwone
Rap ap stil ret Street li p ap fèt san klach ak bang bang
Kraze CD m m fè l san kach ak Bling Bling
Game nan pa prè
Rap mwen twò vrè
Pou sa y ap fè konplo pou yo ka kraze CD m
M ap fuck on sistèm
Mèt an peril siksè m
Menm media ap fè konplo pou yo ka kraze CD m
Gen sa m konteste
Gen sa m vekse
Menm rapè parèy mwen yo ap vle kraze CD m
Sa k deteste m on jou te teste m
M tèlman Hardcore
Pwòp fan mwen vle kazre CD m
M ap panse pou klasik tandans lan ap panse pou tube
An vrè èsk on karyè rezime ak vu sou YouTube
Se foutu pou w fè hit kounya se nan ipod
Rap vin mwen ekspresif nan tout ekspresyon Hip-Hop
Men m fidèl ak konviksyon m m p ap trayi plim mwen
Tankou Lord pa gen bitch a kilòt k ap dekore klip mwen
Menm si l ta abil tankou Chassy ak dwèt li
On vrè lidè pran pozisyon l avan l chache adèp li
Pou buzz nèg la vann ni nanm li ni kò l
À quoi bon pou hit D-Fi ap titre babay Nicole
Ni dwòg ni kòb p ap kowonpi talan m
M pa nan mache nwa w bezwen on vwa mande Kato nan palman
M p ap vin rape geto a cool pandan l ap koule
Ni m p ap vin rape m s on boss pandan pòch mwen twouwe
Zòrèy ou ak vwa m p ap ka pote ou vle trip
Pandan m ap defann dwa m ke y ap vyole san kapòt ou vle m di w
Game nan pa prè
Rap mwen twò vrè
Pou sa y ap fè konplo pou yo ka kraze CD m
M ap fuck on sistèm
Mèt an peril siksè m
Menm media ap fè konplo pou yo ka kraze CD m
Gen sa m konteste
Gen sa m vekse
Menm rapè parèy mwen yo ap vle kraze CD m
Sa k deteste m on jou te teste m
M tèlman Hardcore
Pwòp fan mwen vle kazre CD m
M pran rap kòm angajman m pa fè l pou m distrè
Viktwa m pa nan dis tenis men nan gide dis frè
A fòs m pot pwa geto a ou ka panse m gen diskè
Pou m sòti mizik mwen la m bezwen kouraj pase diskè
San tattoo ni percing yo di m sa bay non MC
M pa janm touche on weed men yo di m sa bay enspi
Mwen se a kout plum
Pa a kout pub Mwen jwenn Respè m
M pa ret sou beef si w wè m diss youn se pou m fè rès yo pè m
Mwen k panse m t ap antre nan rap pou m ba l jarèt
Men sa m wè ladann banm kè plen faudrait-il que j'arrête
Jamè sa tanpe à vie Die Nasty
Denonse revandike pandan m ab bay klasik
Pozisyon m pran fistre menm sa k te vle ede m
Yo vle swag pandan se koz geto a m ap plede
Yo poko wè anyen sal rap se a b c d m
Konviksyon an p ap chanje yo fèk kare kraze CD m