undefined

Vid

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Heaven was needing a hero
Somebody just like you
Heaven was needing a hero
Somebody just like you

Kouman pou m vanse lè w kite m ak andikap
Pou ekri w sa, m pa t bezwen plim men on ti plat
Rezon m ba tèt mwen pou m kenbe, pou soulaje pèn mwen yo
Sè ke petèt syèl la te bezwen on ewo
Fò m di w, anyen pa chanje
Pasa stil pa renmen sòti
Esther toujou ap brave danje
Mwen m pa gen chwa lavi a fòse m granmoun
Ou a konn nivo on nèg onèt se lè l anfas grangou
M konn sak rele mache chache, al dòmi san soupe
An pasan, sa gen mwa depi m kanpe Live Today
M konn sak rele sonnen men pèsòn pa reponn alapèl
Ki mizè ou konn pase pou ban m e lè m di w mèsi ou di m palapèn
M swete w jwenn mesaj yo
Ou a reponn byen petèt lè w fin konte tout zetwal yo
Pi gwo ennmi m se tan an
Li pa rive geri doulè pou m santi prezans ou m koute Twopikana ak Septan

Heaven was needing a hero
Somebody just like you
Heaven was needing a hero
Somebody just like you

Ou kite vid
M potko prè pou m ranplase w
Sèl gid mwen pou modèl fiti m
M pran pase w
Gran Paran
M swete w jwenn lapè
Alada kote brav yo ap repoze a jamè

Rakonte m erè w yo, pa t anpeche m fè pi mal
Raple w tout saw di m ou te ka akonpli, si w te gen sètifika
2 fac san regle anyen kouman pou m pa wont
Ou ki te toujou reve wè pitit ou depase patwon w
Devan moun ou pa t janm koube w
Se kote w m pran sa
Ou aprann mwen anpil menm si w te panse m pa t janm koute w
Ou s on wa sou jan ou te konn trete Esther kou rèn
Avan l al jwenn ou sou li tèt li map depoze on kouwòn
Mond lan vin pi kriyèl
Chak lè m panse a Nihassa m konprann pouki anndan chak paran g on kriminèl
Pou evite m tonbe se a mizik la m akwoche m
Fèy la mouye, lank fè plas bay dlo je
Terib, pandan m ap kriye pou ou ki pa la
Nan kay anfas lan, m wè gen youn k ap souflete pa l la
Papa m pa alkolik m te vle nwaye chagren
San rann kont gen vid ni dlo je ni alkòl pa ka plen

Heaven was needing a hero
Somebody just like you
Heaven was needing a hero
Somebody just like you

Ou kite vid
M potko prè pou m ranplase w
Sèl gid mwen pou modèl fiti m
M pran pase w
Gran Paran
M swete w jwenn lapè
Alada kote brav yo ap repoze a jamè

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital