Regrè Sal

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Gen konfesyon m vle fè, wont anpare m
Men fò m fè vit, lè lanmò ap vin chache m li pa p tèks mwen pou di m pare m
Ou m te blese, m konnen se pa on zik k ap repare w
E si m te pran devan ou se te pou defann ou, pa pou te bare w
M pa t dwe betize ak lekòl, Esther t ap pi fyè
M te dwe di papa m m renmen l m te kwè m t ap pi fèb

M pa t dwe al nan lari a, m pa wè paradi a
Frè m pa gen anyen ki ewoyik nan mouri sou yon pil fratra
M pa t dwe touche yo, sal regrè
E nenpòt sa yo te ka di ou, konnen byen dwòg, alkòl pa remèd
M s on moun, kouraj mwen egal ak lachte m
Regrè m yo sal, avan m vwayaje m espere rachte m

I swear, I could be a better man
I swear, if only you could understand
The faith in me shall set me free
Reflections (reflections)
The faith in me shall set me free reflections

Gen kèk etap m pat dwe boule, solisyon an se pa t soule m
Si sèlman ou te ka konprann, gen kèk dlo je k pa t dwe koule
Gen kèk moun m pa t dwe kwaze
Se pa tout bèt ou ka aprivwaze
Gen kèk zanmitay ki pa t dwe kraze
Gen kèk mo ki make m
Yo blese plis pase kouto, gen souvni ki grave
Gen kèk moun ki manke m
M pa t dwe fè silans lè yo t ap pile m
M se on konplis, m avwe sa, se mwen k ba yo wòch pou lapide m
Kouman pou m di m lib, lè m esklav ti kapris mwen
M satisfè sèlman ego m, sou pretèks sa imen
Si m ba ou distans malgre tout sa n pataje
Se paske ou riske nwaye si se bò kote m ou ap naje

I swear, I could be a better man
I swear, if only you could understand
The faith in me shall set me free
Reflections (reflections)
The faith in me shall set me free reflections

Man ou te gen rezon, ak siksè m m fouye tonbo m
M pa t dwe pran mikwo a lè m gad konbyen frè k ban m do
M pran kou, m soufri san rele
Kouman pou m di ou, youn nan pi gwo regrè m, m pa t gentan fè feat la ak San Mele
Gen kèk doulè menm tan an pa rive geri
Se moral Rhod ki sibi tout sa k rive D-FI
M pa t dwe rann kou pou kou
M trayi vizyon m sou lavi a, mwen ki gen pou filozofi Ubuntu
M espere gad posterite a nan je
Reponn li onètman lè l di D-Fi pouki ou touye revòt la nan ze
M s on moun, kouraj mwen egal ak lachte m
Regrè m yo sal, tout sa m espere se rachte m

I swear, I could be a better man
I swear, if only you could understand
The faith in me shall set me free
Reflections (reflections)
The faith in me shall set me free reflections

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital