Pa Kite M

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

M pa mòd nèg lè l pèdi bann, se kapòt l ap akize
M te toujou di m ap sispann jou sa sispann amize m
Lè m nan sitiyasyon m pa ka kontwole, m panike
M ap wete kò m avan ou al kite m
Ou te di m, siksè ka manje m, li mal pou donte
Ou te di m, pi bon mwayen pou pa tonbe, se pa monte
Ou te di m m pa machann mizik, jòb mwen se kreye
Nouvo ennmi m yo se ap ansyen frè m yo
C'est le prix à payer
E chak fwa m ap gad pakou m, konsidere m beni
Messi pa fè inanimite, m ap toujou jwenn k ap fuck D-Fi
M pa t gen on santim, m te sèlman gen rèv mwen
Ou te kwaze m nan doulè a, ou met souri sou lèv mwen

San ou mizik mwen ap vid
M ap Batay pou kenbe valè m yo nan on sèk visye
M mefyan, moun yo avid
Ou konn jan rapè ye antre yo
Detui ou san rezon men se yo k ap premye fè omaj jou y ap antere ou
M pa vle tounen on maryonèt
Rap pou fè twal la plezi
M rap sa m viv, m viv sa m rap kote twaka pa onèt
M pa p lonje figi m, menm si se pou bo m
Parano m ap wete kò m, avan yo pouse do m
Listwa va di si m te gen rezon ou pa
15 zan pasyon, m pa regrèt on segond malgre m pran kou ba
Ou pran m nan lari a, sou lalin ou mete m
Men pi move santiman, se pa konnen si ou dwe ale ou si ou dwe rete

M fè lè m, rann fyè kèk patnè m
Ou te di m koute kè m vanse, menm si nan mwen yo pa t kwè
Ou sove vi m, donk m ta dwe viv li
Ou ban m on non, ou ban m Evazyon ou ban m on piblik
Ou te Bousòl mwen lè wout mwen te nwa
Pi bèl moman yo m viv yo lwen kamera yo ret grave nan memwa m
M paka janbe dife ankò m vin on bèt a ke
Epi, plis y ap remake m, se plis ou ap demake m
Se lè pou m wete kò m, a quoi bon rete si ou pa la
Yo di nan pa lontan ou ap tounen, ebyen jou a la
E pou lòt ki konn ap mande m si kèk rim ka nouri m
M pa tap fè mizik pou m viv, m tap fè mizik pou m pa janm mouri

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital