Konsidere M Beni

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Se te jis on rèv kou Chris Wallace
Pran mikwo a epi rakonte listwa on nèg ki an kriz chak swa
Lord te di m Def wè pi lwen ke pwent nen w
Lè nèg tankou w soti se pou byen geto a gad kot sa ka mennen w
La s on sèk visye, si m te vann valè m yo m tap byen lwen
Kouman pou m di w, plis m ap mwen menm, mwens yo ap renmen m
Se vre gen chimen ki fèt, m fyè de pakou m
Men kite di w, m te vin fè rap o final se rap ki fè m
M pa chanje, mande Wellborn depi mizè pa dous la
M se nèg lè l ap bwè dlo kap panse ak sous la
M beni, se te on reyinyon fanmi pandan konsè an
M se ti frè w ou gran frè depan de sa kap bay konsèy lan

E si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni
Si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi
Ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede m geri
Si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m
Ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz
Si genyen ki renmen Rhod avan yo renmen D-Fi
Di yo talan pa sifi konsidere m beni
Se gras a nou m ekziste, konsidere m beni

Kwè nan tèt ou se byen, men gen moun ki kwè nan ou miyò
Se pa destinasyon an men chimen nou pakouri yo
M te pèdi m e m sonje kiyès ki te ede twouve m
M pa mòd nèg k ap di ou m renmen w, m prefere pwouve l
M vle w renmen m pou sa mwen ye, pou sa m ret onèt
M rann ou l back, m pa kwè se lachte si gen byen ou fè m rekonèt
Mizik mwen p ap gen sans si m pèdi pasyon
M te vle goute siksè, m pa t rann mwen kont si m tap jwe ak pwazon
M te wè chenn lè nèg yo te wè blengbleng
E si m ba foul la do, se pou m pi byen jere band mwen
M redi l, m pa gen sousi best, game nan m ret byen lwen l
Kouman pou m di w M plis bezwen rap pase rap bezwen m

E si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni
Si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi
Ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede geri
Si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m
Ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz
Si genyen ki renmen Rhod avan yo renmen D-Fi
Di yo talan pa sifi konsidere m beni
Se gras a nou m ekziste, konsidere m beni

M te kenbe rèd Zile
Men m dwe al lwen pou m konprann pre
La pa bezwen m, l ap miyò si m ekzile m
M te fè sa m kapab
Men antre nan on gè fratènèl
O gran Jamè m pa kwè se pou sa m tap batay
Se pa konsa m te wè rap, kot valè Hip Hop yo
Kot lanmou, kot inite, kot verite kot respè a
Apa kèk beat Filip anyen la ankò pa atire m
Frè k ban m akolad maten aswè se li k pral tire m
Mwen m ret pou m peye dèt mwen epi ale ak kè m lejè
Pou sa ki te banm valè, lè kèk lòt te gade m kòm rejè
Prèv pou finanse albòm sa, se piblik mwen k kolekte
Lè m absan, jwe mizik mwen, ou ap santi n konekte

E si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni
Si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi
Ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede geri
Si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m
Ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz
Si genyen ki renmen Rhod avan yo renmen D-Fi
Di yo talan pa sifi konsidere m beni
Se gras a nou m ekziste, konsidere m beni

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital