Compositor: Não Disponível
M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m
Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m
Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo
E souvan pou touye w
Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo
M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m
Menm sa ki te swete ou monte, kou anlè ap pwovoke tonbe w
M vini, m wè, m reziste, yon vrè sòlda repliye, li pa kouri
Mande Nas l ap di w, ou pa ka touye yon moun ki pare pou l mouri
Pran sa kou testaman, petèt se dènye fwa ou tande vwa m
M aprann vale fyète m pou ranpli devwa m
M prale san regrè
Reyisit mwen te mande m sakrifis
M te ret onèt malgre mizè a toujou defann sa ki jis
Sekèl yo rete w a di sa te pase ayè
Manman raple w 2011, pou tenis m pa t al nan pwogram Pailler
E ou te di m, se nan pi move moman yo pou ret pi bon moun nan
M pa gen fòs pou m remèt lavi tout kou m pran
Ou te di m lavi se grenn chen, pa fye w a lòm
Veye zak w ap poze sèl listwa ki ka jije w, kreyon l pa gen gòm
Rèv mwen depase geto a, m te vle gen yon vi stab
Kouman pou m di ou m te vle vin moun, m pa t vle vin star
M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m
Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m
Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo
E souvan pou touye w
Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo
M se on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m
Si m pa fè fas ak yo bal k ap touye m nan ap vin do m
M p ap mouri anpè si m tonbe anba men trèt sa yo
Pito se dwòg ak alkòl la ki touye m tan se nèg sa yo
Mwen m pa t twonpe konba, m te toujou konn sou kiyès pou pwente zam mwen
Toujou ranpli devwa m kèlkeswa eta dam mwen
Lè siksè a vini, vrè vizaj yo devwale
M te gen lavi kèk moun pou pwoteje, rezon k fè m pat vle pale
Fòk karyè m te dekole pou m te konnen nou pa t youn
M se mòd ki pito detui tèt li tan pou l detui moun
Pouki ta dwe gen on lòt masak, konbyen frè ankò
K pou tonbe, konbyen dlo je k pou koule, konbyen gè ankò
Konbyen R I P k pou soumi m epuize
M pa vke kwè se ak sa lavi tinèg geto rezime
Non se pa pou yon tit pou m al fè lagè
An vrè kisa sa ap sèvi limanite si m meyè rapè
M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m
Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m
Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo
E souvan pou touye w
Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo
M se on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m
Souvan pou touye w, asasen an p ap vin ak zam men ak on bon
Plis ap gen mizè, plis tinèg ap akrèk, jalouzi se pwazon
Nou kite dèyè epòk sa k te soude n se pasyon
Awards vini, label vini, vann rapè rèv fè nèg benyen nan ilizyon
Envensib se te premye baz divizyon n
Gen sa k te chwazi hype la, m te chwazi ret mwen menm
Se mwen k mennen karyè m, se pa karyè m ki mennen m
M pa t jan fè do lòt rapè sèvi pon
Pou m te grenpe
M pa t janm pale youn mal pou fè wè m pi bon
M s on Powèt ak Gran P
M pa t janm tranpe nan sa k pa klin, tèt pic makaya
Toujou fidèl ak pozisyon m pat janm trayi batay la
Pou m te rive la ou pa konn sa m travèse
Se pa sèlman lank, men gen san ak swè k vèse
Zewo goud, san tele san radyo m fè on albòm
M se on moun ekri sa sou tonbo m
M ap kite lavi m apre lanmò m