Compositor: Não Disponível
Powèt donk fou
Mil pwoblèm vie de bohème pa mande m pouki m santi m pou kò m nan on foul
Nuit san somèy m twoke chanm mwen pou on booth
M grandi ak Eminem, m stil ap kriye pou yon Proof
M ap desine on nuit plen etwal kòmsi m te Van Gogh
Pou m sot la m ap vann pwezi men gen frè m k ap vann dròg
Jouk li rive kwè ke paradi l se geto l
Tifrè wè m kou ewo l m oblije chanje wol
Menm si yo p ap tann m pale de krim pou yo komèt
Siksè efemè m pa wè star que des comètes
E si konesans se zam e si mo
Touye tankou bal ben m se stil GetoYout kap efreye simo
Ret frè m anchene nan on geto mantal
Ret flè m sou lestomak mwen apre chak lirik m vomi
Avan konsyans mwen pran bal
Mvin brize tout chenn
I make music for my people, ou ka rele m Kool Shen
M s on Powèt evade
Vie de bohème m ap desine on nuit etwale
M kite lank koule chak lè kè m vle pale
Geto a ap koule mwen m ap reve je kale
M soti lwen m gen on rèv ak on plim
M vin make tanm ak on rèv ak on plim
Pati san anyen menm m gen rèv ak on plim
M vin make tan m ak on rèv ak on plim
Revè donk fou
On gèrye ak on diksyonè ki tounen on
Vizyonè poutan orizon m flou
M fèmen je pou m ouvè syèl
Met tout doulè nan on plim met vi m an rim pou fèl bèl
Pou tan m pèdi pa ratrape m map met mont mwen sou lè
Map rape malgre fwa m m poko ka mache sou lè
M trayi street pou sèn, bouke bwè pousyèl
M vle briye kou etwal donk map chache wout syèl
(Mwen) Pou m vole, Rap mizik ban m zèl
M twò hip hop mwen s on eritye manmzèl
M grandi ak Vi Nèg nan on kask, gad vi nèg an fas
Kouri dèyè libète m s on pwason ki fèt nan nas
Plim mwen kriye a chak fwa kè m pran kou
Ou ka leve nan on geto men pa kite youn leve nan ou
Donk menm si y ap ban m èn kite m bay lanmou
E aprann li p ap mizik si l pa touche nanm ou
M s on Powèt evade
Vie de bohème m ap desine on nuit etwale
M kite lank koule chak lè kè m vle pale
Geto a ap koule mwen m ap reve je kale
M soti lwen m gen on rèv ak on plim
M vin make tanm ak on rèv ak on plim
Pati san anyen menm m gen rèv ak on plim
M vin make tan m ak on rèv ak on plim
Sèl mèt desten m
Siksè ap vini, m di manman m m dwe pasyan li di m non ou dwe medsen
Piti piti zwazo fè nich
M p ap rap ilizyon, pale w de machin ak swag non c sof rim mwen yo k rich
Tris konsta
Pati san anyen, mwen m s on etensèl ki vle vi yon star
Touche kè avan kò
Se tout kwonik on powèt mwen m wè l'art avan lò
Kite mizik bèse m
Delimite m ak tout imilite m, m vle gran donk m dwe bese m
Vire je w gad tout sa malgre eprèv m akonpli
Nou soti lwen pati san anyen sof on Rèv ak on Plim