Alter Ego

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Youn sibi, soufri pou lòt la ekri
Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib
Pou youn ka konstui lòt la blije detui
Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-FI

Rhod viv bon moman yo, D-Fi rape move moman yo
Rhod te pote lespwa, D-Fi touye rèv manman l yo
Rhod fè betiz, ke D-Fi paka repare
D-Fi ap mennen on vi, e pou li Rhod pa t prepare
Rhod timid, men D-Fi se on liv ouvè
E lè Rhod viktim, se D-Fi k pare pou gè
D-Fi kenbe souri l, pandan Rhod an kriz chak swa
D-Fi vle pran kè on piblik, Rhod pa vle pèdi lanmou Pasa
Men sa k grav
Pandan y ap rayi Rhod, D-Fi ap rekòlte J'aime sou Facebook ak Instagram
Se fason moun yo wè ak chanje men Rhod pa chanje
Kouman pou m fè ou konprann pou gran sè Rhod, D-Fi se on etranje
Se pa menm akèy la depi lè y ap pase m nan tele
D-Fi fè gòl ke Rhod pa ka selebre
Rhod gen lari a pou refijye l, D-FI gen sèn
Men yo gen on pwen komen, tou 2 sensè

Youn sibi, soufri pou lòt la ekri
Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib
Pou youn te ka konstui l lòt la blije detui
Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-Fi

Pèdi nan kontradiksyon l
Pandan D-Fi t ap fè mizik pou sove vi ou, Rhod t ap batay kont adiksyon l
Pran D-Fi pou modèl
Men ou pa konn konbyen fwa Rhod panse a met fen nan sa nan anndan on chanm otèl
Rhod angwase, D-Fi met tafya nan tèt li pou l ka cool
D-Fi fè lanmou ak fanm Rhod pa damou
D-Fi jwenn paradi l sou sèn pandan Rhod t ap afwonte demon l
D-Fi pran fil, zanmi Rhod pran kòd long
Ennmi D-Fi yo se ansyen frè Rhod
Pou antre nan sèk yo, fòk D-Fi ta pase sou fyèl Rhod
Ou k ap koute konprann, pou jwenn ekilib s on gwo batay
Se sakrifis tout sa gen on pri nan vi a ou paka gen tout bagay
Plis youn ap pran plas se plis lòt la ap efase
Pou Rhod kontinye viv, D-Fi oblije trepase
Se on chwa, èske m gen rezon? Listwa sèl k ap di
Rhod renèt R.I. p D-Fi

Youn sibi, soufri pou lòt la ekri
Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib
Pou youn ka konstui lòt la blije detui
Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-FI

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital