Compositor: Não Disponível
Vizyonè m depoze lorizon sou pwent nen m
Yon Clé d sol pou m ouvè pòt siksè m kite mizik mennen m
Chimen m nwa tankou lank fè m aprann wè ak kè
M plonje pi fon nan abim nan m te gen sèlman yon plim pou lanp
Kou Brandt reyalite vin kidnape rèv mwen
Vi a s on konba éternel m fè konesans sèvi glaive mwen
Se eprèv man ki grandi m se pa laj
Manman m kach on kalach nan Kràn mwen
Sa k fè y ap di pitit ou bandi
Banm di w lè vi a vin jwenn ou an bitch se aprann gouye
M aprann mache pye atè pou 2 pye m pa pran nan on grenn soulye
Dlo a te mouye m
Chwa
Kite l nwaye rèv ou pran l pou benyen
Ensandi an sot nan on ti etensèl yo pa t gen sousi tenyen
Mais qui peut me stopper
No one
Fevriye 2011 Paillère m raple m Bicth Martine t ap snobe m
Chak lè m tonbe m leve pi fò defèt yo banm gou viktwa
Se kwonik on esklav ki vle vin wa
Rèv pa konn twò gran
Lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w
Kòk ki chante rezon w se kalite w
Rèv pa konn twò gran
Pa gen revè k twò piti
Rèv pa konn twò gran
Lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w
Kòk ki chante rezon w se kalite w
Rèv pa konn twò gran
Pa gen revè k twò piti
Yeah m vin make tan m ret imòtèl kou papa Ky-Mani
M wè l'art avant l'or devan glas la m te plis MIC ke Money
Zanmi Rhod pran kòd long depi lè D-Fi ap pran fil
M nan gè frè rezon k fè m brake plim mwen kou Springfield
If i die today Koute m pou w konnen m finèb orezon
M aprann pèdi pou m genyen move bagay rive pou bon rezon
Kou sezon moun chanje
Mwen m pa fèy fè vi m nan dlo m p ap pouri
La roue tourne Ki de dèyè sa k ale m pa kouri
Pou m pa mouri on jou m deside mennen vi nocturne
Depi lè yo di m Sky is tha limit mwen m al rap ak Les Neptunes
Wè m kite lari a pou m al abite sou sèn
Manman m di m fè atansyon isit reyisit se sous èn
Sila ki t ap meprize w ap vini chouchoute w
Sila ou te konn ap bay kout men ap vini pou choute w
M di l man m p ap chanje rasin menm si m chanje fèy
Sa k nan lonb oral vizite solèy ak rèv ki pi gran ke somèy
D-Fi
Rèv pa konn twò gran
Lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w
Kòk ki chante rezon w se kalite w
Rèv pa konn twò gran
Pa gen revè k twò piti
Rèv pa konn twò gran
Lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w
Kòk ki chante rezon w se kalite w
Rèv pa konn twò gran
Pa gen revè k twò piti
DaG
It's all about a dream man
Nou sòti lwen pati san anyen
Sof on rèv ak on plim
Powèt Revòlte
M wè pi lwen ke lorizon