Melanko Rim

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Pa mande m pouki m tris, pouki lapli ap tonbe nan kè m
Pandan m ap poze sa nan lari a y ap plonbe on frè m
M plonje nan pèn enposib pou m kache mal èt mwen
Pwezi kò m terapi m ap geri m a lèt mwen
M prezante m an liv ouvè li tout nan mwen
Tout ti emosyon ki kache pi fon nan mwen
Ou p ap jwenn anyen d extra w ap wè menm ke m sanble w
À part sa m pa di anfas m krache l lè Jay sanple
M pa fò dèyè on Mic m kache feblès mwen
Tankou lè syèl mwen nwa m mande Bondye bless mwen
M konn dekontwole
Pran nan sousi sou fè m pran on boutèy sou lè m vle konsole m
Emosyon m konn mèt man
Bay doulè m rezon
Santiman m se baz pifò zak m komèt man
Onètman tout vi m prezan nan on plim
Kèlke nòt sa sifi pou m akouche melankoli m

M jwe vi m sou rim
Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m

M jwe vi m sou rim
Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m

Pa mande m pouki m santi m koupab
M vle kou Pac men
Menm poko janm ka jistifye manman m chwa m pou rap
Kòman pou m di w m doute kèlke karyè k degoute m
Sa k te bon o depa men ke siksè dewoute
Koute
M vle konn ki pati m loupe
Jiska dat gen mo m pa di tankou m te Fiasco Lupe
M koube m a ironi vi a
Mande Pasa a kenzan m te gen talan pou m te David Villa
Men rèv kwaze ak reyalite ranpli mond mwen ak kochma
Di eprèv m ap lite leve lè m pran kwoch pat
Goch dwat m s on sòlda ne
Jenerasyon 90 m ap chèche pè sou sòl dane
Pa mande m pouki m konn sonbre
Lè erè m ap ratrape m lè karma ap dekonstonbre m
Lespwa konn kite m ase souvan
Kòman pou m di w m gen lafwa m poko ka mache sou van

M jwe vi m sou rim
Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m

M jwe vi m sou rim
Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m

Pa mande m pouki m santi m pèdi
Pouki Je t aime nan ap ravaje kè m Poutan m pè di l
Konbyen moun silans mwen blese
Konbyen pou m ankese pou m konprann on kè brize p ap fò ankò menm lè pyese
Pouki m pè fen istwa
Konbyen tris swa pou m pase avan m konprann bonè mete m sou lis nwa
On pasaj a vid se pi gwo fobi m
M pèdi nan abim lè rezon m sibi enfliyans foli m
Dèfwa vyolans anpare m lè m pa satisfè ti kapris mwen
Vi a voye m anlè san pare m konbyen fèy blanch konbyen paj pou m ranpli
Pou m konprann sa k pi chè nan vi a san pri
Lè demon m ap prije m sa terib
M pa menm ka gad tèt mwen nan glas lè konsyans mwen ap jije m
Kòman pou m di w m wont reflè m
Konprann mwen m ka vomi lirik janm vle sou lestomak mwen ap toujou ret flè m

M jwe vi m sou rim
Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m
Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m
M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital