Compositor: Não Disponível
M ret on dènye enspi
Bif ou konsyan, I don't know man
À l'infini ban m on dènye instru
On dènye raj pou m krache
Kite ego m fè on dènye trip Filip banm on dènye wack pou m klache
M pa twò ret zanmi nan rap so fuck ekip
KGY klasik, m rap ak trip mwen so fuck teknik
M pa bezwen yo klase m meyè a
Eritaj pi gran yo, m ap pase l menm jan yo te pase relè a
M pa bezwen fè 40 an si se pou m al gen eksperyans boukman
Kote m mal pou jwenn on albòm ak esans bouknanm
M gen on dènye rayisman
Poum krache l nan figi jovnèl
M se chen k pa janm tounen bwè vomisman l
M gen on dènye mo lanmou, se pou geto a
E menm si kounya m grenpe gwo sèn, m p ap bliye premye a se te treto a
Kite m bay Dènye albòm m te pwomèt
Def to the death, dènye powèt la
Si tyas ou pa bon se fòt tèt ou pa akize kwafè a
Met Castro sou Map la, Evazyon Mizik se banyè a
On mixtape 3 EP 2 album
Ban m fè on dènye vibe pou m wete kò m
M ekri dekri veki m se plim mwen k sèvi beki
Soutni m lè rèv mwen te brize
M ret lib mepri m sou teknik fake rim vye bif ki pa sousim
Menm lè se mwen yo te vize
Egri megri ki te vle detwi m debil
Predi sou vi m poutèt feat m refize
Rekil mezi m, kite D- Fi fè bri epi ap dekouvri tout trèt ki degize
M fè sa ou ap fè a, fè sa m ap fè a
Si tyas ou pa bon se fòm tèt ou, pa akize kwafè a
Nan game yo a m pa konn si yo rapè ou aktè pòno
Men kite m bat on dènye rekò, m te soti Bal ou Rim san pwomo
Filip kite m pran on dènye kif
Se karyè m fè sa m vle, kite nèg yo ban m on dènye bif
Kite m al jwenn piblik mwen di l on dènye mèsi
On dènye fwa kite yo konpare m hahaha (Dernier MC)