Compositor: Não Disponível
Sa pale de vi m, pale de rèv mwen
Ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
Sa pale de plim ki tounen glèv mwen
Mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
Sa pale de rèv, de plim
Eprèv, de vi m
De grèv, de krim
Èv mwen dekri m
En fait, sa pale de tout sak gen pasyon
Li sove m pandan yo t ap di m pou avni m li se pwazon
Vole ak vwa Samantha drese on geto resital
Jay fè m wè im jenès mwen pa dwe chante sou bri bal
Tout istwa m nan plim Ed ou B-Art m viv art
M pa janm echwe m jis konn lòt mwayen pou m gen viktwa
Li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
Yo te di m m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
Depi lè m gen on glèv m pa on atis m se machann zam
Mizik mwen fèw reve, m se on machan sab (D-Fi)
Sa pale de vi m, pale de rèv mwen
Ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
Sa pale de plim ki tounen glèv mwen
Mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
Chache ekilib ant pa dòmi ase e reve twòp
Etènèl fistre jou m bese plim m ap leve Glock
Sa pale de respè de pè de love
Mizik mwen fè w vwayaje poutan l pa pale de dwòg
Depoze mo sou santiman anbeli kèk vi trajik
Swiv F-Ner paske m te kwè l tap banm on vi majik
Pou ti frè yo k nan tou a sou tèt plim mwen m limen on brikè
Touche nanm ou, jou pa gen metwonòm map rap sou bri kè w
Li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
Yo te di m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
Depi lè m gen on glèv m pa on atis m s on machann zam
Mizik mwen fè ou reve m'on machann sab (D-Fi)
Sa pale de vi m, pale de rèv mwen
Ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
Sa pale de plim ki tounen glèv mwen
Mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
Li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
Yo te di m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
Depi lè m gen on glèv mpa on atis m s'on machann zam
Mizik mwen fè ou reve m'on machann sab
Sa pale de vi m, pale de rèv mwen
Ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
Sa pale de plim ki tounen glèv mwen
Mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam