Compositor: Não Disponível
A chak nouvo track, s on lòt paj nan liv vi m
Vie de rêve kòmsi Site Castro te Dreamville
(Wè) si ou bezwen m, mande la
Menm prizonye nan on geto pa t brize rèv mwen, rele m D-Fi Mandela
M mande Rap on hit, men l banm on vi
On plim, on sampling sifi pou m konble on vid
(An) avan ou di track la bèl
Map di ou Die-Nasty se fanmi an m rive la san pyès labèl
Brèf rapèl, men rapè ki pa t konn sak on 16 ba
Tchek mic, menm sak anlè ap pran chèz ba
Mache rap nan chak blòk pou m te ka plen tou m
Mande Do kounya mtèlman pran galon, mka plen doum
Non m ap kònen
PowètRevòlte le concept, se klasik m bay lè m drop sou prod SonMakònen
M twò Hardcore man, yo wè m kou nèg ki dope
Ou p ap ka jere skandal sa, menm si ou t Olivia Pope
Yeah kiyès kap woule nan kas yo?
D-Fi, yon tinèg ki sot Castro (4fwa)
Pwezi kòm zam
M vin fè on non kou Jay-Z or Nas
Sa kap adore m now an 2005 te di m twò raz
Pou plezi bòz rad mwen wè nèg ap rap, mwen m Tankou MC an, m pa vin fè boss, m vin boss Hard
Se Kwonik, on MC negwofil
Rap ret on game, gen twòp MC pedofil
Mwen m stil on paradòks
Si tout pral a goch, m pral a dwat, Nigga m ap ekri vi m donk sous enspi pa ka bòz
Gen sak pral di se klash e ke mpa feel medya
Si m te gen cash, m kwè hit la tap imedya
Lwen swag ak bitch, like IZI ONE map sal rad
M krache Sal Rap di K. Libr' m bay kochon manje salad
Yeah kiyès kap woule nan kas yo?
D-Fi, yon tinèg ki sot Castro (4fwa)
M remake rap boure ak gang men manke powèt
Repanse nigga, si w pa solisyon ou se pwoblèm
M vin frape kot sa fè mal
Sofiane di m lè 2 rapè met tèt yo ansanm se pou pale on twazyèm mal
Mvin eksploze kou plastik
Sa tris sou do chen m wè ravèt pran plas tik
Nèg ap kouri pou buzz, redwi karyè ak ipolit, ipokrit lè Mahatma ap soutni nèg kap fè elòj pou dwòg
Sa k vle diss mwen, avan clashe tèt li
Mpa dann ak fake kap benyen toutouni kap kache krèk li
Se pa apre dife ou ap wè kokobe k te ri dèfonfò
Men apre Sal Rap ou ap wè MC sòt ou te pran pou fò