Road to Castro

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Tout sa k vini dwe ale, anyen pa etènèl
Pran tan ou pou kontanple vi a, pa redui l a entènèt
Nou pataje vrè emosyon, gen lenpresyon m t ap rap sou brikè ou
E kòm zetwal la ap etenn, ou menm limen flach brikè ou
Se pou mwen avan tou men konbyen lòt ki t ap fè pwofi
Mesaj pou sa k ap vini yo, ou ka konstui karyè ou san fè gwo feat
M toujou mache solo, menm si gen kèk frè k tap pote m
Akwoche m ak rasin mwen ki fè van tanpèt pa t ka bwote m

Pyano an tris, se reflè nanm mwen
M pati pou on dènye dans ak rap, vin pran menm
Plonje nan pase m, kenzan an aryè
Ti revè fè gran rèv, gran rèv fè gran karyè
M pouse nan tè sèk, san on gout dlo pou wouze m san angrè
M pa gen tèt on rookie ankò, kounya anpil ap rele m gran frè
M sispann rap kè brize, m ap pwoteje dènye lanmou m
Se pa mwen k pa t vle goute vi a, se vi a k pa t nan gou
Ann fè on klasik, Filip ajoute on ti vyolon

Se kwonik on tinèg ki t ap rape lanmou l ak mo vyolan
On enkonpri, on nanm boulvèse
Pou apeze m konbyen rim, konbyen lank ki pou vèse
Remèd pa nan dwòg
Se pa met tout bagay nan lòd pou jwenn lapè men jwenn lapè tout bagay ap rantre nan lòd
Tout sa k vini dwe ale, tout sa k monte dwe desann
Men n ka ret imòtèl, randevou 24 desanm

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital