Jamè Pou Kò W

D-Fi Powèt Revòlte

Compositor: Não Disponível

Pou desizyon m pran m pa rive eksplike
Pou rezon m pa bay, pou lanmou m pa rive eksprime
Pou eseye repare kèk lyen k te brize
Pou vanse, pou jwenn souri m men m si m konnen s on bonè k degize

Pou lonè m, sa m pa dwe janm pèdi l jouk nan sèkèy
Pou kèk konba m livre, pou ede m fè kèk dèy
M konsyan ou pa efase erè, donk m pa pran l pou gòm
Men kenpòt chimen m pran demen, m konnen m pa p janm pou kò m

Kou Powèt la, toujou la ak on istwa pou rakonte
Se pa m, si l sanble ak pa ou se gras ak li n ka kontre
Pou tout ilizyon, tout pwomès yo
Toujou la lè pa t gen pèsòn pou reponn s.o.s yo

Lè rèv yo brize, l sèvi beki
Li konprann on enkonpri men kouman genyen Rhod san pèdi D-FI
Pou kèk fot m te komèt, pase m pa senp
Pou rachte m, wi m blese kèk moun sa ou te konprann m pa sen

M te pèdi tèt mwen, vi a gen move kote l
Nan mitan tout kriyote, gras ak li m twouve bote l
Gen chimen ou pran, ou pa konn kote l ap mennen
Lè tout moun te vire do ban mwen, li te di m, men men m

Ou pa jwenn wout, ann trase youn, petèt tifrè yo a suiv li
Menm si pou chanje sa bèl rim pa sifi
Se pou kèk nuit san somèy, plen angwas
Se pou kèk rivyè m kriye, pou kèk jounen san solèy

Se pou Estè, m swete l fyè
Iwonik pandan swengen t ap marye, ak Kendy m t ap fè dexter
Mizik gide chak pa m
Si sèlman ou te ka konprann

Kijan m te plonje apre lanmò papa m
Di m sa se kwa m
Men se Auto-psy k te geri m
Se pa t ni alkòl ni diazepam

Lage san esperans
Mwen lè m di ou mizik sove vi m, se pa on imaj, frè se eksperyans
Se pou ou, nou chak gen on etwal, tann tou pa w
E konnen kenpòt chimen ou pran, ou pa p janm pou kò w

Chak nuit pote penn li
Men ke kòk chante ou pa, solèy ap toujou leve
Chak jou pote pen li
Se pou ba ou espwa

Pou enspire ou, menm pati san anyen tinèg geto ka fè eksplwa
Se pou ba ou kouraj lè ou vle give up
Pou ede ou afwonte lavi fè fas ak sousi ou an giz dwòg

Se pou frè sa k fèmen penitansye k ap eseye siviv
Pou di l menm anprizone, kenbe lespri l lib
Pou tisè sa k pèdi diyite l sou gran ri
Se pou ede jwenn wout ou lè ou lage nan vi a san gid

Se on bousòl, e menm si demen separe
N ap kontinye vanse men konnen n p ap janm pou kò n'
Nostalji, jwa, raj pèn
Lanmou, jalouzi, kè brize, èn

Pou konsole m, kèk nòt, on plim on kaye
Chak emosyon, chak chit gen on son k la pou pare l
Espwa, viktwa, chak fèt , chak rèv
Eksplwa, konba, defèt, zeprèv

Konviksyon, pozisyon, anyen pa ka bare n
Chante endiyasyon n, Chak revolisyon gen on son k aponpanye l
Toujou pwòch ou, kèlkeswa kot lavi mete w
Mwens teknik plis kè, hit yo pase emosyon yo rete

Se pou rèv ki te plante men k pa donnen
E menm si demen m prale kote yo pa konnen m, kote m pa konnen
Menm si m sispann fè konsè, sispann fè albòm
Menm si sal yo vid, kamera yo etenn, m konnen m pa p janm pou kò m

Se lè pou m wete m
Men raple, lè ou santi ou pou kò w, jwe mizik mwen w ap santi n konekte
Se te on dedikas pou on piblik
Men sa k iwonik, se nan mizik m di n m ap kite mizik

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital