Compositor: Não Disponível
Man, kouman pou m di w m grandi
M fè lavi m tounen on fyasko
La m vin rape w sa m pa t janm di w
Gad desepsyon an nan je w
26 lane san travay si ou pa ban m m p ap manje
M devye man mwen k te dwe wete w nan salte a
Men m fèt 2 pye m kwochi, donk m pa t ka mache dwat
M anchene betiz sou betiz
M pa respekte okenn prensip ou te ban m yo, mwen menm kite legliz
Tèt mwen plen très man, m sèl responsab detrès ou m pèdi inosans mwen tout sa nan sèlman trèzan
Konbyen fwa m pa reponn apèl ou, nève sou ou
Soti granmaten, rantre byen ta tou sou, ou
Ki p ap dòmi tout tan m pa rantre
Se pa anyen m ap regle, lari a map apante (man)
Pou vye rèv pa m yo , m touye rèv ou
E tan an pase pase vit, trèzan tankou trèz jou
(Man) Regrè m yo sal, m pè gad tèt mwen nan glas
La m vin rape w tout sa m pa ka di w anfas (Man)
Se pa pitit sa ou te reve genyen
M detwi w, tèlman fè w kriye dlo je w ka benyen w (Man)
M pa pwomèt ou map sòti, an antadan on lòt nwit blanch, m p ap rantre, priye al dòmi (Man)
Pandan m ap ekri w sa kè m fann
Kouman pou m diw
Tout sa m vle se te rann ou fyè fanm
Se pa t pou sa w te sakrifye lavi w
Pa pou sa yo te konn ap tire anlè tèt ou, boule machandiz ou lavil
Se pa pou te wè m ap pase jounen m sou tèt mi
M konprann ou man, ou jis bezwen m fè vi m
Men bò isit mizik pa plen vant
M konprann enkyetid ou, anvi w, m konnen byen ou bezwen grann
Se vre tout tan m nan studio, men m pa redwi lavi a sa
Dèfwa avan m dòmi, m konn panse a Nihassa
Erè m yo ireparab (Man)
M ap eseye refè m ak mizik, onètman m te ka pi mal si se pa t rap
Ou fè sakrifis,
M konsyan, m vle remèt ou sa men bwat yo pa enterese a on cv rapè aktivis
Ou ap tann lisans, m ap siyen cd
M pa bezwen vin meyè rapè m jis bezwen vin on meyè pitit
M ekri w sa avan pita pi rèd
Lapenn pitit vivan pi di ke lapenn pitit ki dead